top of page

Byenvini sou Paj jewolokalizasyon Ayiti

​Dekouvri bote ak divèsite Ayiti atravè paj entèraktif jeolokalizasyon nou an. Eksplore trezò natirèl, kiltirèl ak istorik pil bijou sa ki trouve l' nan  Karayib la. Jis kitew gide yonn apre lòt sou pwen esansyèl yo.

Pwen esansyèl yo:

Cap-Haïtien - Bijou depatman nò (Vil touristik ak kiltirèl): Sitiye nan nò Ayiti, vil istorik sa a se renome pou achitekti kolonyal li yo, plaj primitif li yo, ak majestueux Citadelle Laferrière, ki nan lis UNESCO kòm yon Eritaj Mondyal.

​

Port-au-Prince - Kapital ki chaje Enèji: Eksplore kapital dinamik la, kote istwa, tout sa ki atistik rankontre ak lavi iben. Mache an fè, Katedral Notre-Dame de l'Assomption, ak Mize Panteyon Nasyonal Ayisyen an se sit ki enpòtan anpil.

Jakmèl - Vil Kiltirèl: vil sa rekonèt akoz aktivite atistik li yo, bèl kanaval ak plaj li yo, Jakmèl ofri yon imèsyon nan kilti ayisyen an. Pa manke festival fim ak atelye atizan nan vil sa.

Pak Nasyonal La Visite - Konsève Nati: Pak nasyonal sa a ofri santye randone nan yon ansanm forè abondan, vèt ak panorama mayifik. Dekouvri divèsite biyolojik Ayiti pandan w ap eksplore santye ki byen konsève yo.

Île-à-Vache - Paradi twopikal: Yon èskapad trankil ak plaj sab blan, dlo kristal klè, ak vilaj lapèch pitorèsk. Kote ki pafè pou detann epi jwi bote natirèl la.

Grotte Marie-Jeanne - Trezò anba tè: Eksplore gwòt kalkè enpresyonan sa a ak estalaktit ak stalagmit li yo. Yon eksperyans inik pou amatè espeleoji ak kirye yo.

Lake Azueï - Lanmè Entèn: Pi gwo lak dlo sale nan Karayib la, ki ofri tablo espektakilè sou mòn ki antoure l' yo. Yon kote ou ka detann ou pandan w'ap kontanple nanm lanati.

Paj jeolokalizasyon nou an envite w eksplore kote sa yo kaptivan epi dekouvri richès touris ak istorik Ayiti. Kit ou se yon vwayajè kap chèche avanti, yon moun ki renmen kilti oswa tou senpleman kirye, kite paj sa a vin gide w' vityèlman atravè trezò sa yo ki genyen Ayiti.

Bon vwayaj !

bottom of page